Paj Prensipal (original) (raw)
Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Kout pwojektè
Diferan kontinan yo
Mo kontinan an soti nan laten continere ki vle di « kenbe ansanm », oubyen continents terra, « tè kontinyèl ». Nan sans literal li, tèm sa a deziyen yon gwo bout espas tè ki lonje tèt ale sou sifas latè. Sepandan, nan jewografi, definisyon an souvan modifye selon kritè ki baze sou nòm istorik ak kiltirèl. Kidonk, nou jwenn kèk sistèm kontinantal ki konsidere Ewòp ak Azi kòm de kontinan, alòske Erazi fòme kòm yon sèl mas tè.
Sitiyasyon sa a mennen nan egzistans plizyè modèl kontinantal, ki varye ant kat ak sèt kontinan. Sepandan, se pa toujou sa, epi modèl sa yo varye selon listwa ak dekouvèt nouvo teritwa yo.
Nan itilizasyon komen li, zòn kontinantal la gen ladan l tou ti zile ki trè pre kòt la, men se pa sa yo ki separe pa gwo kantite lanmè. Sou plan syantifik, kontinan yo gen ladan yo tou zile ki tache ak plak kontinantal yo, tankou Zile Britanik yo an relasyon ak Erazi.
Èske w konnen?
Estati Kiichiro Toyoda.
- Piman woz se pa yon piman tout bon.
- Nan istwa elektrisite, an 1887, Heinrich Hertz te fè ton dekouvèt sou elektwòd.
- Èske w konnen, nan lane 2024 la, grangou a ogamante anpil nan peyi Dayiti ?
- limyè Solèy la pran 8 minit ak 20 segond pou rive sou Latè.
- Chip se sèl Eta manb Inyon ewopeyèn ki pa fè pati ni OTAN ni Patenarya pou lapè.
- End se peyi endepandan ki gen pi long konstitisyon ekri (repwodiksyon).
Istorik mwa me
Fèt Èt Siprèm, 1794, mize Karnavalè.
- 4 me (1904) :Ameriken yo rekòmanse konstriksyon Kanal Panama.
- 7 me (1794): Robespierre te fè Konvansyon an adopte yon nouvo relijyon, Kil Èt Siprèm nan. (gravi)
- 11 me (330): Konstantinòp vin ofisyèlman kapital Anpi Women, apresa yo selebre 11 me kòm anivèsè vil la.
- 13 me (1888): Lwa dò aboli esklavaj nan Brezil.
- 20 me (1902): endepandans Kiba parapò ak Etazini, kat ane apre fen dominasyon espanyòl.
- 31 me (1889): Inondasyon Johnstown, nan Etazini, kraze vil la plat epi touye plis pase 2 200 moun.
Prezantasyon
Wikipedya se yon pwojè ansiklopedi kolektif anliy, inivèsèl, nan plizyè lang e ki fonksyone sou prensip wiki. Pwojè sa a gen pou objektif ofri kontni ki kapab itilize ankò, objektif ak verifye, ke tout moun ka modifye ak amelyore.
Wikipedya defini ak Prensip fondatè yo Kontni li yo anba Lisans creative commons by-sa >. Li kapab kopye epi itilize ankò anba menm lisans lan, si yo respekte kondisyon yo. Wikipedya bay tout kontni li yo gratis, san yo pa fè piblisite, epi san yo pa itilize eksplwatasyon done pèsonèl itilizatè li yo.
Editè atik Wikipedya yo se volontè. Yo kowòdone efò yo nan yon kominote kolaboratif, san lidè.
Kijan pou kontribye ?
Nenpòt moun ka pibliye kontni sou Entènèt imedyatman, depi yo respekte règ esansyèl Fondasyon Wikimedya ak kominote a; pa egzanp, verifyabilite kontni, kalifikasyon atik ak kenbe yon atitid akeyan.
Gen anpil paj èd ki disponib pou ou, tankou kreye yon atik, modifye yon atik oswa imaj. Pa ezite poze yon kesyon pou w ka ede w nan premye etap ou yo, sitou nan youn nan pwojè tematik yo oswa nan plizyè espas pou diskisyon.
paj diskisyon yo itilize pou santralize panse ak kòmantè pou amelyore atik yo.
Wikipedya nan lòt lang yo
![]()
Wikipedya se editè volontè ki ekri l epi Wikimedya Fondasyon òganize l, se yon òganizasyon san entèrè lajan ki òganize tou yon seri lòt pwojè volontè: Meta-Wiki :