Eleksyon (original) (raw)
Abstract
Gade kandida pou yon sèl pwojè ! Depi nan koloni Sendomeng, pou pi piti de pwojè sosyete lèt ak sitwon t ap toke kòn yo. Youn se te pwojè lanmò kolon esklavajis yo t ap jarete. Pwojè kolonyal esklavajis sa a te chita sou demounizasyon, dominasyon, pezesouse, diskriminasyon, piyaj, elat. Se menm pwojè sa a ki te pote youn nan pi gwo etnojenosid limanite konnen. Lè l te prèske fin pote nan peyi san chapo tout natif ki t ap viv nan Amerik la, li te blije fè kidnaping sou abitan ki t ap viv nan kontinan Afrik la pou vin fè bourik pou chwal garyonnen. Men, abitan fanm kou gason ki t ap sibi sitirasyon malouk sa a nan Sendomeng, pa t rete bra kwaze. Kididonk, te gen lòt pwojè sosyete ki t ap boujonnen. Pwojè sa a te chita sou libète byennèt. Paske kaptif yo te deside batay pou rache libète yo anba bòt blan fanse. Se pa yon blag lè yo te kriye oubyen yo lib oubyen yo mouri : libète osnon lanmò. Men libète kaptif yo te prè pou bay lavi yo pou li a se pa t yon libète sou pwèl. Se te yon libète san fwontyè ki marande ak byennèt. Yo te rann kont moun pa ka lib reyèlman si l pa gen bon jan kondisyon materyèl ak espirityèl pou sa. Kidonk, se yon pwojè sosyete ki kont tout fòm dominasyon pezesouse ak diskriminasyon. Li chita sou solidarite, jistis sosyal, egalite, byennèt pou tout moun, liberasyon, elat. Se nan sans sa a nan editoryal revi #1 Pòtvwa desalinyen ak desalinyèn yo, ki pote tit « Lavichè : yon konplo kont mas popilè yo » Julien Sainvil ekri : Depi tan Lakoloni, gen 2 pwojè sosyet lèt ak sitwon k ap twoke kòn yo sou bout tè Boukmann nan. Yon bò nou jwenn yon fòm òganizasyon sosyal kominotè, egalitè k ap kònen lanbi libersyon total la. Vizyon sa a , se rezilta maranday 2 pratik filozofi lavi ki chita sou kapasite deplòtonnman kò ak lespri moun nan rapò youn ak lòt, yon kominote ak yon yon lòt, nan rapò respè moun ak lanati. Filozofi lavi POTE KOLE a bwè nan sous eritaj popilasyon endijèn yo ak lespri kolektif ki chita nan vodou ki pèmèt mawon yo tabli premye lakou yo. Anfas pwojè liberasyon an, gen sila ki sanble kou senkant kòb ak degouden avèk sistèm esklavaj la. Pwojè lanmò sa a, k ap manniganse depi sou Tousen Louvèti, revandike aprè lendepandans retablisman ekonomi plantasyon an. Ki vle di rejouke chenn leskalvaj nan kò ak lespri konbatan pou libersayon yo : mawon yo. Se ansyen lib yo, kreyòl yo-kou Petyon , Bwaye, elatriye, gran pwopyetè nan Sendomeng-ki baz sosyal pwojè plantasyon ak malsite a Jan Jak Desalin, premye jeneral antiliberal, pou m repete yon revolisyonè desalinyen Janil Lwijis, nan batay kont oligachi kolonyal la, pral tonbe 17 oktòb 1806. Oligachi a fè kò sasinay sou anperè pou bloke pwojè libète byennèt la. Aksyon kriminèl sa a, pa sèlman touye yon lidè, men li tou mete pye sou kou pwojè libète byennèt la. « Zak sasinay Aleksand Petyon ak akolit li yo fè sou Lanprè Dealin 17 oktòb 1806 la kreye kondisyon pou yo reyalize pwojè politik, sosyal ak ekonomik pezesouse, bourik travay chwal galonnen an ». Kidonk, depi aprè 17 oktòb sa a se pwojè dominasyon kolonyal, pezesouse ak diskriminasyon k ap taye banda nan sosyete ayisyèn nan. Depi sou Petyon, youn nan konplotè sasina pwojè libète byennèt la, pase pran Bwaye rive jouk jounen jodi a, se pwojè kolonyal sa a oligachi a ap pote Ayiti. Jounen jodi a eleksyon se youn nan mwayen pou oligachi a sou lobedayans entènasyon kominotè a chanje reprezantan l nan divès enstitisyon Leta a. Se nan sans sa a, nou kwè tout kandida ki nan pwosesis elektoral la ap pote yon sèl pwojè : kontinye dominasyon, pezesouse ak diskriminasyon sou mas pèp yo. Plizyè rezon esplike pozisyon sa a. Moun sa yo pa gen pyès pwoblèm ak sosyete miwo miba a nan jan l ap fonksyone. Paske se ladan l yo fè bè yo. Pou majorite ladan yo pou pa di tout, Leta a se yon espas ki penmèt moun fè gwo lajan nan tout kondisyon, gen pouvwa epi jwenn « iminite ». Dirèkteman oubyen endirèkteman, yo goute mamèl la deja puiske Leta se yon vachalè. Si yon ankèt serye ta fèt pou gade kouman Leta a fasilite nèg ak fanm rich nan peyi isit, se t ap rèl kay makorèl. Oubyen sa k pote goute ap batay pou al fè piyaj ap yo tou. Men, ki pozisyon kandida sa yo genyen fas ak yon Leta grandon boujwa restavèk ak piyajè k ap souse san malere ak malerèz depi 1806, aprè sasina lanperè ? Ki pozisyon yo sou sistèm mond kapitalis kolonyal modèn nan ki vle pou Ayiti toujou rete sou dominasyon entènasyonal kominotè a ? Youn pa mete an kesyon sosyete miwo miba a. Mezanmi, an n sispann pran kaka poul pou jòn ze! Tout moun sa yo pral defann enterè pòch ak vany yo plis enterè oligachi ki mare nan pye tab entènasyonal kominotè a. Gade byen moun ki antoure yo e menm sa k sanble pote diskou pi kritik la. Se sila yo ki konn ap defann politik neyoliberal tout jounen nan medya yo. Politik neyoliberal pa pote lòt bagay: plis mizè ak malsite pou mas pèp yo. Al voye je gade sa k te pase nan peyi Chili avèk sanginè Pinochè aprè oligachi ak transnayonal meriken te fin fabrike koudeta kont Salvadò Ayennde. Aplikasyon politik neyoliberal yo avèk konplisite “Chicago boys” yo te gen kòm rezilta mizè ak malsite pou mas pèp yo. Tande kandida yo byen pou wè si gen youn ki ka kanpe ankwa kont kapitalis la ak tout ideyoloji neyoliberal li a. Okontrè yo chak ap preche levanjil devlopman sou baz ideyoloji neyoliberal, menm si yo p ap di se sa, apati bèl mo ak bèl fraz diferan. Kididonk, tout bwè nan yon sèl sous ideyolojik: ideyoloji dominan an ki chita sou machandizasyon tout bagay menm moun, kapitalis neyoliberal kolonyal la. Suiv pozisyon yo sou yon malèpandye ki sou do peyi a. Se kesyon esplwatasyon min. Nou panse gen yon moun nan kandida yo, menm sa k gen pozisyon pi enteresan ak pi avanse yo, ka defann enterè pèp ayisyen ak lanati sou kesyon sa a. Esplwatasyon min vle di eskpwopriyasyon, piyaj resous natirèl, deplasman fòse, kontaminasyon lè a, sous dlo yo, deforestasyon, elat. Kidonk tout pwojè esplwatsyon min se pwojè lanmò pou malerèz ak malere. Kiyès ki ka oze vin ak yon pwopozisyon lwa anti esplwatasyon min Ayiti ? Antouka, m pa kwè pèsonn nan kandida sa yo kapab. Paske yon aksyon konsa ap menas gwo enterè isit kou lòt bò dlo. Alòs, chak nan kandida sa yo gen mèt ke yo ki gen enterè nan esplwatasyon min yo. E gen dwa se menm fwo chalbrak sa yo k ap finanse yo nan eleksyon an. Boutofen, men kiyès nan kandida sa yo ki se pwodui yon batay mouvman sosyal ayisyen ? Èske gen youn ki soti nan yon pati ki marande òganikman avèk mas popilè yo ? Antouka, nou p ap reve je klè! Paske poko gen yon pati politik ki se espresyon ak reprezantan reyèl enterè mas popilè yo nan peyi a. Yo tout ap pote yon sèl pwojè, sa k ap taye banda nan peyi a depi lè oligachi a te touye Jan Jak Desalin. Nan sans sa nou kwè pa gen chwa posib nan eleksyon sa yo pou mas popilè yo, lè n konsidere tout moun yo ap batay pou kiyès k ap vin kontinye asire perenite Leta ak soyete miwo miba a pi byen. Nan sans sa a nou kwè se fòs pwogresis ak revolisyonè yo ki dwe òganize yo. Epi konstwi ranfòse mouvman sosyal ayisyen an pou batay pou chavire sosyete miwo miba a. Nan dinamik sa a, rive pran Leta a ak mas popilè yo epi chanje makfabrik li pou l oryante nan enterè moun yo rann pòv yo nan peyi a. Chèche kanpe yon mouvman entènasyonal solidè nan mitan pèp yo pou konsève dwa fondalnatal yo, pou fè faskare ak enperyalis yo. Se solidarite ant pèp domine yo, ant gouvènman popilè yo k ap penmèt reziste ak entènasyonal kominotè a ki p ap ezite fè jenosid jan yo abitye fè l pou kenbe/konsève lòd mondyal. WALOS/